Lanmou
Lezom swaf pou yo jwen lanmou
Lanmou enpotan anpil nan mariage, nan fanmi e pou moun gen bon zanmi.Donk, nou vin konprann, lanmou enpòtan pou nou ka santi nou byen epi gen kè kontan. Men, de ki kalite "lanmou" nap pale menm ?
Lanmou n'ap pale la a se pa lanmou ki gen ant gason ak fi, byenke kalite lanmou sa a enpotan tou. Anfet,se yon kalite lanmou ki pi fò toujou,li fè moun ki genyenl lan enterese toutbon nan byennèt lot moun sa a, li gen afeksyon ak santiman
ladan tou.
Gade yon bèl fason yo defini lanmou: Lanmou gen pasyans ak byenveyans. Lanmou pa jalou sò moun li pa vante tèt, li pa ajy yon fason ki endesan, li pa chèche pwòp enterè l, li pa fè kòlè fasil. Li pa note bagay mal yo fè l. Li pa pran plezi sa ki mal, men li pran plezi nan sa ki verite. Li sipòte tout bagay,(...), li espere tout bagay , li andire tout bagay. Lanmou pa janm fayi."-1 Korentyen 13:4-8.
Yon lanmou konsa pa" janm fayi" nan sans li pap janm sispann egziste. Vrèmanvre, tank tan ap pase l ap kontinye grandi. E kòm lanmou sa a gen pasyans, byenveyans ak padon, li se "yon chenn ki ini moun yon fason ki san fay". (Kolosyen 3:14). Kidonk, moun ki gen relasyon ki chita sou lanmou sa a santi yo an sekirite e kè yo kontan malgre yo enpafè.
Ann pran egzanp maryage.
Yon lanmou konsa "pa janm fayi"